Swa Nou Viv Lib Swa Nou Mouri, Jacques Pierre’s translation of the DOI

In the 2011 issue of the Journal of Haitian Studies, Duke Professor Jacques Pierre published a Kreyol translation of the Acte d’Indépendance. Jacques has been working hard to change the historic tendency in Haiti to favor French over Kreyol (see, for example, his op-ed in The Haitian Times).

Traduction de L%27acte de l%27indépendance d%27Haïti en créole Haïtie_0 Traduction de L%27acte de l%27indépendance d%27Haïti en créole Haïtie_1 Traduction de L%27acte de l%27indépendance d%27Haïti en créole Haïtie_2 Traduction de L%27acte de l%27indépendance d%27Haïti en créole Haïtie_3 Traduction de L%27acte de l%27indépendance d%27Haïti en créole Haïtie_4

SWA NOU VIV LIB, SWA NOU MOURI.

LAME ENDIJÈN.

______________________________________________

Jodi a premye Janvye 1804, Jeneral an Chèf lame Endijèn nan rele tout lòt Jeneral yo ki se Chèf lame a tou pou yo pran desizyon k ap fè yo rive genyen yon peyi ki rele yo chè mèt chè metrès.

Apre Jeneral an chèf la fin rasanble tout lòt Jeneral yo; li di yo, tout rèv li se bay nouvo pèp Ayisyen an yon Gouvènman djanm; yon desizyon li pa deside fè bak sou li. Nan yon diskou klè kou dlo kokoye, Jeneral la fè Pisans Etranje yo konnen jan li deside tout bon vre pou bay peyi sa a endepandans li. Epi li vle pou libète sa a make ak san pèp Zile a. Apre Jeneral an chèf la fin tande tout lòt jeneral yo, li mande yo chak pou sèmante pou yo vire do bay lafrans jouk yo mouri, e pito yo mouri pase pou yo ta viv anba men franse, epi se pou yo goumen jouk yo rann dènye souf yo pou lendepandans peyi sa a.

Jeneral yo ki kwè nan prensip sakre sa yo dakò ak pwojè pou fè peyi a vin endepandan tout bon vre. Kon sa, yo sèmante; douvan lemonn antye, nan non sila yo k ap eritye Zile lib sa a, pou yo vire do bay Lafrans jouk yo mouri, e pito yo mouri pase pou yo ta viv anba men franse.

Deklarasyon sa fèt nan Gonayiv, premye Janvye 1804, premye jou lendepandans peyi d Ayiti.

Moun ki siyen yo: Dessalines, Jeneral an chèf, Christophe, Pétion, Clervaux, Geffrard, Vernet, Gabart,

Jeneral Divizyon yo; P. Romain, E. Gerin, F. Capois, Daut, Jean-Louis-François, Ferou, Cangé, L. Bazelais, Magloire Ambroise, J. Jques, Herne, Toussaint Brave, Yayou, Jeneral Brigad yo, Bonnet, F. Papalier, Morelly, Chevalier, Marion, Adjidan-Jeneral yo, Magny, Roux, Chèf Brigad yo, Chareron, B. Loret, Quené, Makajoux, Dupuy, Carbonne, Diaquoi aîné, Raphaël, Malet, Derenoncourt, Ofisye lame yo, ak Boisrond Tonnerre, Sekretè. 

JENERAL AN CHÈF LA AP PALE AK PÈP AYISYEN AN

Frè m ak sè m,

Pou valè san sanginè sal sa yo fè koule nan peyi a pandan de san lane, flanke yo deyò sèlman pa ase

Pou mezi filalang yon ekip ti klik fè nou ak pwomès libète yo t ap pote ban nou sot lafrans, kanpe laviwonndede sa a pa ase

Fòk nou fè yon dènye aksyon pou plante reny libète a nan peyi kote nou fèt la. Fòk nou wete lide remete n nan lesklavaj nan lespri gouvènman san manman sa a ki pa te janm bouke imilye nou ak antòtiye lespri nou depi lontan.

Swa nou viv lib swa nou mouri.

Endepandans oswa lanmò……, se pou mo sakre sa yo soude nou, e se pou yo sèvi nou kòm dizon batay ak reyinyon nou yo.

Frè m ak sè m, Konpatriyòt mwen yo, nan jou san parèy sa, m rasanble tout militè vanyan sa yo ki te bay san yo pou sove libète a nan dènye moman malouk yo. Jeneral sa yo ki te alatèt batay kont sistèm san manman an pankò fè ase pou kè nou kontan nèt ale….. tout move tras franse yo la toujou nan tout rakwen peyi a.

Tras pèp sovaj sa a la tout kote; nan lwa nou yo, nan abitid nou yo, nan vil nou yo, tout pote mak blan franse; sa m vle di, gen franse toujou nan Zile nou an. Kidonk pa kwè nou fin debarase n ak Repiblik sa a. Se vre yo bat tout nasyon, men yo pa fouti gen laviktwa sou pèp ki vle viv lib.

Sa fè katòz lane n ap peye konsekans inosans ak bon kè nou. Se pa ak zam franse yo t ap kale nou, men se ak pawòl van ki sot nan bouch reprezantan li yo. Ki lè n ap sispann respire menm lè ak sanginè sal sa yo? Sa nou gen ki makònnen nou ak pèp san manman sa a? Gade ki jan yo kriminèl, epi nou-menm nou pasyan ak saj. Yo pa menm koulè ak nou, gade gwo distans lanmè ki separe nou, menm klima nou konbat yo. Tout bagay sa yo ase pou n di: yo pa frè nou, e yo p ap janm frè nou, e si jamè yo ta jwenn yon jwen pou yo fofile nan mitan nou, y ap kontinye simaye latwoublay ak divizyon.

Nou-menm Pitit tè a, gason, medam, fi ak timoun yo, voye je nou toupatou nan Zile a, chache frè nou, mari nou, sè nou, anfen, chache pitit nou, pitit nou ki nan tete. Kote yo tout pase ? M santi san m ap manje m antan m ap di sa…… san mamam yo disparèt tout.

Lè n ap chache tout fanmi inosan nou yo, se sou ansasen yo sèlman je n tonbe. Se atò y ap bwè san frè n ak sè n yo, nou dwe santi n koupab paske nou pran twòp tan pou n fè yon fen ak ansasen sa yo. Ki sa n ap tann pou n fè nanm grandèt nou yo repoze an pè? Sonje nou te vle pou kadav nou antere menm kote ak kadav grandèt nou yo lè nou fini ak rejim san manman an. Èske n ap desann nan tonm grandèt nou yo san nou pa fè yon fen ak ansasen yo? Pa gen sa pyès, sinon zo kadav grandèt nou yo ap pouse zo kadav pa nou deyò.

E nou-menm gason kanson, Jeneral vanyan yo ki pa te pè brave danje pou sove libète a ak san yo. Tande byen, nou pankò fè anyen si nou pa trase yon egzanp san pitye pou montre tout peyi sou latè fyète yon pèp genyen lè li libere tèt li. Pou n pwoteje libète sa a, ann mete laperèz nan kè tout sa ki ta gen lide wete libète n nan men nou. Ann lanse yon pinga bay franse yo an premye…………

Si tout zak kriminèl yo te fè nan Zile a pa ase pou fè yo tranble lè y ap pase nan zòn lakòt nou yo, desizyon kanson sa nou pral pran la a se kont: depi se franse ki ta vin sal tè libète sa a ak pye madichon li merite lanmò.

Nou te pran reskonsablite pou nou vin lib, se pou nou gen kouraj pou n kenbe l, e se pou n granmoun tèt nou. Ann suiv egzanp yon timoun k ap grandi, pwòp fòs li kraze limit ki anpeche l mache. Ki pèp ki te goumen pou nou? Ki pèp ki ta vle jwenn fwi travay nou? Ala wont pou n ta esklav toujou apre nou fin pran libète n!

Esklav!….. mo sa a se ak franse li sanble, yo pèdi batay la, kidonk yo pa dwe viv lib.

Ann pran yon lòt chimen, ann swiv tras lòt pèp ki vle mèt tèt yo, pèp sa yo ki ta prefere mouri pase pou yo ta aji kou lach, paske yo pa deside kite move egzanp pou sila yo k ap vini dèyè a.

An menm tan, pa kite tantasyon pou nou simaye revolisyon nou an pran tèt nou pou n pa detwi gwo travay nou sot fè a. Ann kite vwazen nou yo viv nan lapè, se pou yo viv nan lapè dapre pwòp lwa yo-menm yo fè. Ann evite ale nan lòt Zile yo tankou revolisyonè tou cho tou bouke pou fè lalwa. Ann evite pou kè kontan pa nou pa twouble lapè ki gen nan Zile vwazen nou yo. San pa te koule nan Zile sa yo tankou san inosan pa nou yo te koule nan Zile nou an. Se nòmal yo pa gen okenn vanjans pou yo fè kont otorite k ap dirije yo.

Se te chans pa yo; yo pa te pase menm tray ak nou, tout sa yo ka swete nou se yon demen miyò pou nouvo peyi nou an.

Se pou vwazen nou yo viv an pè, men madichon pou lafrans, rayisman pou lafrans pou tout tan gen tan; se dizon nou sa.

Pèp Ayisyen, se te chans pa m pou m te goumen pou libète sa a nou tout nou fè sakrifis pou li a. M pèdi nwit, m batay, e kèk fwa m te pou kont mwen. Si m rive gen chans jodi a pou m remèt nou kado sakre sa nou te lage nan men m nan, reskonsablite n konnya se pa kite l file nan men nou. Nan goumen pou libète nou tout, m te travay pou pwòp tèt pa m tou.

Anvan nou kore libète sa a ak lwa k ap garanti libète chak grenn pitit tè a, mwen-menm ak tout lòt Chèf yo ki ransanble isit la dwe ban nou yon dènye prèv ki montre bonjan volonte nou.

Jeneral yo, nou-menm lòt chèf yo ki la ak mwen pou byennèt peyi sa a, jou a rive, jou sa a ki pral make laglwa ak lendepandans nou pou tout tan.

Si ta va gen youn nan nou la konsyans li pa klè, se pou li demaske l la pase pou l ap tranble antan l ap repete sèman sila ki dwe soude nou tout.

Nou sèmante sou tèt nou, douvan latè beni, nan non sila yo k ap eritye Zile lib sa a, pou n vire do bay lafrans, e pito n ta mouri pase pou n ta viv anba men franse.

Se pou n batay jouk nou rann dènye souf nou pou kenbe lendepandans peyi a.

Nou-menm, pèp mwen an ki gen lontan l ap soufri, jodi a nou temwen sèman sa n ap repete a. Nou pa dwe janm bliye; se sou kouraj ak fòs nou m te mize lè m te anbake nan batay libète a pou m te ka fini ak rejim san fwa ni lwa nou t ap goumen kont li a pandan katòz lane. Pa bliye, pou m te ka libere Zile sa a, m sakrifye tout sa ki te ka fè lavi a dous pou mwen; manman m ak papa m, timoun, byen materyèl. Jounen jodi a, richès mwen se libète nou tout nou genyen an. Se pou non m tounen yon kwòk nan gòj tout sa ki vle lesklavaj, e se pou sanginè sal ak san manman yo madichonnen jou m te fèt la chak fwa yo va gen pou nonmen non m. Si sa ta rive nou renka oswa refize obeyi lwa sa yo k ap pwoteje libète nou an, nou ta merite chatiman yon pèp engra merite.

Se sèten sa p ap janm rive, n ap pwoteje libète sa nou renmen anpil la, epi nou va kore Chèf nou k ap dirije nou an.

Ann sèmante pou n viv lib ak endepandan, epi prepare nou pou nou touye tout sa ki ta vle mete nou nan lesklavaj ankò. Pou n fini, ann sèmante pou n kouri dèyè tout trèt ak lennmi lendepandans peyi a.

Deklarasyon sa fèt nan Katye-jeneral Gonayiv, premye Janvye 1804, premye ane depi Ayiti pran lendepandans li,

Moun ki siyen an: J.J DESSALINES.

NAN NON PÈP AYISYEN AN

Nou-menm Jeneral yo ansanm ak tout Chèf Lame Zile peyi d Ayiti; pou rekonesans nou gen nan kè n pou Jeneral an Chèf la, Jean Jacques Dessalines; pou libète sa nou tout ap banbile ladan an, e Jeneral la ap kontinye defann nan; nan non lalibète, nan non lendepandans, nan non pèp la li fè kè l kontan jodi a, nou nonmen li Gouvènè Jeneral pou tout tan gen tan; nou pare pou n obeyi tout lwa Chèf la pase san gade dèyè, sèl chèf nou konnen se li, nou ba li dwa pou li fè lapè, lagè, epi chwazi moun ki pou ranplase li sou chèz boure a.

Deklarasyon sa a fèt premye Janvye 1804, premye jou lendepdans peyi d Ayiti.

Moun ki siyen yo: Gabart, P. Romain. J. Herne, Capoix, Christophe, Geffrard, E. Gerin, Vernet, Pétion, Clervaux, Jean-Louis-François, Cangé, Ferou, Yayou, Toussaint Brave, Magloire Ambroise, Louis Bazelais.

__________________________________

Jacques Pierre
Duke University

 

2 thoughts on “Swa Nou Viv Lib Swa Nou Mouri, Jacques Pierre’s translation of the DOI

  1. Pingback: Translations of the HaitiDOI | Haiti and the Atlantic World

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s